Ranmase de Radio Caraibes Samedi 6 Avril 2019

Premye fè aktyalite a se echèk la polis ayisyen fas gang tou pwisan anel josèf. Sekretè deta ta fè konnen se evite twòp moun mouri ki koz yo pa rive pran chèf gang sa.Kote bandi an soulinye Zam ke li genyen yo si la polis genyen li lap depoze Zam.kèk polisye blese youn mouri e Twa bandi ta sanble tonbe Nan Troup anel la. sekretè deta fè konnen se pa volonte anel pou li ale refijel latibonit men se la polis ki pousel kote li fè konnen la polis pran kontwòl Vilaj la.

Rantre prezidan an Nan konsiltasyon Nan palè nasyonal.

Daprè jounalis Ramase a fè konnen anpil rankont ap miltipliye.Li rankontre odèp ayiti, Asad volcy, ayisyen pou ayiti, jonas Kofi,bozil, unir, opl,pastè sadrak, Dieudonné, Nicola pitit Jean Claude duvalier, gwoup 50,Joseph mercily, Rene mon plaisir pwòch preval,Rosemont e kèk lòt moun.Jounalis fè konnen ke se yon demach ki mal pran.

Jean monard fè konnen konnen menm se pa ta sa vre lòt moun ka panse se dyòb ki pral Bay.

Prezidan jovenel te rankontre prezidan 2 chanm yo.

Kote non anpil moun ap site pou premye minis lan. Jounalis la fè konnen ak pil respè ke li gen pou moun sa yo se depi aprè eleksyon pou yo te di yo pa rekonèt jovenel kòm prezidan.

Jean monard sou klasman eleksyon an.

Daprè jounalis Ramase a fè konnen menm ke nou pa tande jude Celestin men nou konnen pozisyon li. La pli pa figi sa yo yo patisipe Nan eleksyon ak jovenel e ak lòt moun.

Kriz pi red

sou rankont lan daprè li se toujou kriz pirèd aprè chita pale sa yo. Daprè jounalis la ou pa bezwen fò Nan politik mouvman sa yo pap abouti ak anyen. Jean monard fè konnen ou pa antann ak zanmi. Lèl konstate kote moun nan la ri yo se pa ak yo yo janm chita kriz pirèd.

Nòt de mèt Rene Julien.

Rankont sou rankont li evidan ke sitiyasyon pèp ayisyen prezante kòm yon dram ak menm figi sa yo Nan palè kap rann yon gou fad.se komsi se vagabon ki la pou dirije nou daprè jounalis lan. Fòs politik ki Nan la ri an kap mande depa jovenel.

AAA de youri ki Jwenn envitasyon pal ki Jwenn regle kont li tankou piti desalin tankou sektè demokratik.

Repons youri pou prezidan an.

Nou resevwa envitasyon ou an Nan palè nasyonal pou patisipasyon li Nan nouvo gouvènman an.
Konteni de siyasyon an e pozisyon nou nou oblije absan pati a ouvè pou dyalog nasyon an men kòm gen mèsenè pwosè petrokaribe Nan lespri sa se okazyon pou nou Bay yon ezanp.resevwa nòt sa de kòdonatè youri la tortue.Sektè demokratik la a chèf kabinè prezidan an paske se li ki te voye lèt la.

Mesye chèf kabinè sektè demokratik la nou sezi okazyon sa pou raple jovenel pèp ayisyen an pap revandike yon pataj de gato.

Revandikasyon pèp ayisyen evidan arete moun ki volè lajan petrokaribe a.  E jovenel ki gen non li ladanl Remete tout manda yo sou tab la.

Arestasyon tout moun ki te gen dwèt yo masak la salin e viktim Nan manifestation yo ki pran bal mouri kite pitit fanmi dèyè.

Liberasyon de tout prizonye politik yo. Dosye dèmalog ki enplike madanm prezidan an.
Demisyon prezidan jovenel pou enkapasite li. E pou rantre mèsenè yo pou asasine politisyen nou yo.

Reyaksyon pitit desalin Moise Jean Charles.

Kote senatè a soulinye li pap chita ni pou long ni pou kout ak yon moun kel lap konbat pou yon move sistèm. Moise ta fè kwè se tè lap voye nap zye moun pou yon makiyaj 5 lane. Kote li fè konnen se yon demach pou bloke sistèm Nan men yap batay pou chanje li. Nou di non nou pap trayi pèp la ke li te konnen nou pa tap reponn ak envitasyon li.

Men kek rezon ki fè nou pap janm rankontre li

Masak la salin lan.
Rejim li an lage dèyè moun ki Nan manifestasyon e arete bat yo.
Li fè mèsenè foule tè papa desalin lan pou kase bank.
Pou asasine politisyen nou yo ki tap mande li Bay pouvwa yo pran bal Nan tèt Nan kè.
San nou pa bliye menm sa ki Nan prizon pou jounen jodia.

Pa bliye pèp ayisyen nou te ekri 4 lèt a jovenel pou nou di li ke li ta pral kraze peyi an ak boujwazi kontrebann. Nou te pale de dola a akoz defisi bidyetè. Li pat janm tande lè li panse mobilization an bese epi problem ap ogmante Nan peyi a. Pwogrè nou se pwomès mèt dam la mizè ensekirite. Nou menm nou wè lwen se sa ki lajan lap mete Nan poch nou. Peyi an pral lòk Nan jou ki pral vini yo manda chèf la polis pral fini manda konsèy la pral fini depite detyè sena tout pral fini. Pa gen gaz bato gaz la pou kòb paka Sevi nou . kote nap Peye 25 mil dola ameriken pa jou.pou reta.

Se sa entèvansyonal la mandel fè pataje Gato met zèb Nan Bouch nou. Twal la pa ase pou fè rad la men tayè a Taye ladanl pou Jete.pitit desalin pap Bay pèp la kout kouto sa. Taboularaza pou lòt semenn sou machin ou ye de kaoutchou Nan falèz de patinen. Nou pitit desalin nou pap goumen pou nou etirew Nan la bou

Match la ta pral derape ant Opozisyon kont Pouvwa

deba jounen samdi an ta pral sou koze bandi ki pran peyi a, prezidan Jovnel pa gen okenn repons, li pa ka dirije dapre opozisyon an. Sou koze rankont lan, vre opozisyon an, sa yo rele opozisyon radikal la, te boude rankont lan Pouvwa pat pare pou ranmase samdi an, an fas Youri Latortue, Met Andre Michel, Danton Leger. Yourie Latortue, Andre Michel, Danton Leger te trop pou Depite Alfredo avek Charlot Jacquelin ki te reprezante pouvwa Jovnel la.

Te gen on kote nan emisyon an, ou te santi Charlot te menm anvi kriye, telman li te pran kou. Depite a menm fe plis emisyon an an silans.

Siw te rate Ranmase Samdi 6 Avril la, ou ka koute tout emisyon an 3 parti

 

Rezime Ramase samdi 6 Avril 2019. Rezime par Ing. Simplice Destin

Related posts