Sakrifis pou Nasyon an

Miz an Kontèks sou Konjonkti a
Depi pi plis 2015 lane , Ayiti ap viv ap yon kriz sistemik, kote se toujou batay pou pouvwa kap fèt olye nou priyorize batay pou enterè kolektif nasyon an. NouPapKonplis mande Sakrifis pou nasyon an

Ane 2018 la se ta pral Yon lot tounan nan batay pèp ayisyen an, après piblikasyon 2 rapò kite soti nan palman sou dosye petrocaribe a, ebyen nou ta pral remake plizyè leve kanpe nan tout peyi a pou mande #Kotkobpetrocaribea ?

Depi ane 2019 komanse tout moun te remake yon dola kap monte ak yon vitès ke ane avan yo, kote leta sa pa menm an mezi poul te fè Yon evalyasyon de eta sitiyasyon an, vwa poul ta pote solisyon ak diferan revandikasyon pèp ayisyen an, se konsa, nan fen ane koudèkont ta pral pibliye yon pati nan rapò petrocaribe a, yon rapò Kita pral koze anpil reyaksyon nan sosyete a akoz prezidan ki endekse nan rapò a pandan 2 fwa, sa ki ta pral ogmante anpil dout kay tout moun kite gen entansyon ke pouvwa sa te ka fè limyè sou dosye Petrocaribe a.

Fas ak tout konsta sa yo, pèp ayisyen an trouvel nan yon sitiyasyon (esepsyonel) kote tout enstitisyon yo ajenou.

Aprè tout denonsiyasyon ak revandikasyon sa yo, san konte enkapasite pouvwa sa pou pot solisyon nan batay pou amelyore vi pèp ayisyen an, pou moralite politik la nou ekzije yon demisyon planifye de gouvènman Moïse Ceant pou fasilite Yon tranzisyon kap gen yon Konsèy Gouvènemantal nan tèt li Konsèy Gouvènemantal la ap gen misyon poul rezoud pwoblèm grangou a prese prese, òganize eleksyon jeneral lanse pwosè Petwokaribe a, òganize yon Eta Jenero Sitwayen ki ka pèmèt nou chita pale antre nou san etranje pa oblije foure bouch nan koze nou.

Se pousa #NouPapKonplis kise youn nan òganizasyon Petrochallenger ki gen youn nan objektif premye li, kise batay pou fè limyè fèt sou dosye Petwocaribe a, Pwopoze ( Sakrifis pou Nasyon an) kòm youn nan pwopozisyon ki pou ede’n sòti nan kriz la.

Nan dokiman sa a, nou rive pwopoze 31 ide sou fòm kesyon ak repons pou n ka rive sennen kriz n ap travese a nan peryòd difisil sa ki mande anpil entèlijans, bon jan tèt frèt ak sakrifis pou n ka rive sove sa ki merite sove, sa ki dwe sove, ki se Ayiti, Manman libète, Manman nou tout. Konsa, nou rive fòmile yo fason sa :

1- Ki konpotman diferan aktè yo dwe genyen pandan peryod revandikasyon an jiska peryod pou prepare demisyon gouvènman Moïse Ceant ?
Pandan nap revandike sou demisyon prezidan, nou dwe asire’n ke nou dwe kite yon espas pou lòt moun yo òganize yo san peyi a pa oblije kanpe pousa.


1.1 Ki mesaj Gouvènman Moïse Ceant ta dwe l’anse avan yo anonse demisyon yo?
Gouvènman Moïse Ceant ta dwe konvoke tout sektè ki nan vi nasyonal la, pou esplike yo ke sitiyasyon an depase yo, pou evite twòp byen ak twòp moun disparèt, yo oblije chita ak diferant aktè yo pou òganize yon demisyon planifye gayan gayan yon fason pou’n evite peyi a pa antre pi fon nan kriz la.


2- Ki misyon gouvènman Moïse Ceant dwe genyen avan yo demisyone ?
Misyon yo se chita ak diferan aktè yo pou yo kreye yon komisyon de pasasyon ant diferant aktè ki nan sosyete sivil la.


2.1 Kijan yap pran moun pou kreye komisyon pasasyon sòtant gouvènman Moïse Ceant ?
Diferan aktè yo ap delege yon moun yo chak yon moun bay gouvènman Moïse Ceant sòtant lan tankou: Sektè dwa moun, Relijyon pou lapè ak Asosiyasyon pwofesyonel yo.


3- Kijan pou gouvènman Moïse Ceant demisyone ?
Gouvènman Moïse Ceant dwe gen 15 jou devanl poul chita ak tout aktè yo an atandan yon akò jwen ak yon Komite ki pou fasilite demisyon prezidan ak pasasyon yon nouvo konsèy gouvènemantal ki pou pran tèt peyi a.


4- Nan Konbyen jou demisyon sa ta dwe posib ?
Aprè konvokasyon prezidan devan Nasyon an, Gouvènman Moïse Ceant ta dwe pran 22 jou pou planifye demisyonl e ranplase pa yon konsèy gouvènemantal.


5- Ki sektè kap pwopoze 5 moun sa yo ?
Senk (5) moun sa yo se Ekzekitif sòtan kap bay youn, Palman, Petrochallenger plis res sosyete sivil la, sektè dwa moun ak Sektè Demokratik la.


5.1 ki kalite pou chak moun chak sektè sa yo ta dwe genyen ?
Fok li gen 35 lane pou piti, fòk li pat janm chanje nasyonalitel, fòk li se yon ayisyen natif natal, fòk li pat janm kondane pou yon pèn pi piti ou pi gran.


6- Kijan nap chwazi 5 manb ki pral konpoze Konsèy gouvènamantal la ?
Nap pwopoze pou chak oganizasyon ki nan menm sektè sa yo ke nou sot site la ta pwopoze yon moun.


6.1 Ki mwayen komisyon sa ap itilize pou fè chwa de chak gren moun sa yo ?
Komisyon an ap fè Yon tiraj osò pou chak sektè apa ki gen diferant òganizasyon jiskaske nou pran yon gren pou chak sektè.


7- Konbyen tan manda Konsèy Gouvènemantal la ap dire ?
Manda Konsèy Gouvènemantal ap dire pou pi piti 1 nan


8- Kijan de pèsonalite ki ta dwe fè pati de 5 manb sa yo ?
Senk (5) moun sa yo ta dwe de moun ki kon systèm nan déjà men ki pa gen anyen pou repwoche yo.


9- Ki dwa ak devwa 5 manb ki pral fè pati Konsèy Gouvènemantal la dwe genyen?
Atik 135 ak 135.1 ki nan Konstitisyon amande a dwe sèvi kòm obligasyon pou tou le 5 manb sa yo respekte si yo ta renmen fè pati de konsèy gouvènemantal la.


10- Kijan komite konsèy Gouvènemamtal sa ap monte e kijan pouvwa yo ap valide?
Komite sa ap gen Yon prezidan, yon vis prezidan , ak 3 konseye


11- Kijan desizyon yo ap valide ?
Pou chak desizyon kap pran, diferan manb ki fè pati de Konsèy Gouvènemantal la dwe fè Yon vòt antre yo majorité a seli kap pase.


12- Kijan yap ranplase youn nan manb yo Anka youn ta demisyone ?
Anka youn nan manb Konsèy yo ta demisyone, lòt manb yo ap mande ak sektè kite voyel la, pou yo revoye yon lòt ki dwe swiv menm etap ak sa yo te chwazi a.


13- Ki nonb de tan yo ta dwe genyen pou yo enstale ?
Aprè tiraj osò yo, menm kote a yo ta dwe pibliye lis non moun sa yo nan l’après, nan 8 jou aprè yo ta dwe enstale


14 Ki Misyon Konsèy Gouvènemantal sa ap genyen ?
Konsèy Gouvènemantal la ap gen misyon pou yo prezante fèy de wout yo bay gouvènman bay popilasyon an ak devan laprès.


15- ki sektè bay minis yo ?
Konsèy Gouvènemantal la ta dwe chita antre yo pou yo chwazi 8 minis sa yo ak diferan manb ki konpoze konsèy gouvènemantal.


16- Ki Ministère yap chwazi nan 8 ministè sa yo ?
Yap gen misyon pou kenbe 8 nan pi gwo ministère sa yo tankou: Ministère Sante ,Edikasyon, Travo Piblik, Jistis, Finans, Enteryè, Planificasyon ak Agrikilti.


17- Misyon 8 minis yo ap genyen ?
Misyon 8 ministère sa yo se pèmèt leta pa mouri pandan (Konsèy Gouvèneman) ap kontinye travay ansanm pou akonpli objektif yo gen pou yo reyalize kise:
⦁ Travay ak diferan aktè yo pou rezoud pwoblèm grangou a rapid
⦁ Lanse pwosè Petwokaribe a
⦁ Òganize
⦁ Òganize yon Eta Jenero Sitwayen


18- Konbyen tan ministè sa yo ap genyen pou yo monte asanble konstisyonnel al ansanm ak oganizasyon konferans nasyonal souverèn nan ?
Konsèy gouvènemantal la ak 8 minis sa yo ap gen manda pou yon lane, 3 mwa pou yo lanse pwosè petwokaribe a, 3 mwa pou yo òganize Eta Jenero Sitwayen an kap tou travay sou Asanble Konstisyonel la, aprè yon rezilta final de gwo chita pâle sa, rès 6 mwa, konsèy Gouvènemantal la ap chita pou yo oganize eleksyon jeneral nan tout peyi a.


19- Ki Objektif Konsèy Gouvènemantal la ?
Pèmèt anpil nan enstitisyon nous yo ret debou pandan pwosesis dyalòg la.


20- Misyon Asanble Konstitisyonel la ?
Se travay ak diferan aktè ki nan sosyete a ki déjà ap travay sou konstitisyon amande a pandan nap ranfose anpil nan atik ki fè pati konstisyon 1987 la. Yo gen Misyon nan 15 jou yo chwazi ki diferan moun ki pral gen misyon pou reyalize Assanble Konstitisyonel la.


21- ki sektè kap chwazi moun kap gen responsabilite pou oganize Asanble Konstitisyonel la ?
Diferan pèsonalite kap sòti nan diferan sektè tankou: Andikape, Inivèsitè, asosiyasyon medya tradisyonel ak medya an liy, peyizan, asosiyasyon profesyonel, Asosiyasyon sendikal, Ti machann, Relijyez, Lajenes, Fanm, Sektè Prive ak Vodouyizan. Pwopoze yon dèle 15 jou pou yo enstale, e pou yo komanse travay nan Yon tan ki pa dwe depase 75 jou pou yo bay rapò final sou Asanble Konstitisyonel la.


22- Objektif la, se kisa li ye ? bwase lide ak rapò sou assanble konstisyonnel la ?
Wi, Ki ap pemèt nou rive gen Yon konstitisyon ki reflete istwa nou, kilti nou ak lang nou kom pèp.


23- Ki Misyon ak Objektif Eta Jenero Sitwayen an ?
Misyon Eta Jenero Sitwayen an, se rive mete tout moun chita sou menm tab, pandan nap padone Youn lot, e rive konstwi Yon pak de gouvènablite pou 40 tan san enstabilite politik.


24- Kijan nou pral monte Komite sa ki pral travay sou Eta Jenero Sitwayen an ?
Konsey Gouvnemantal ap ouvri yon kaye pou chak sekte pwopoze plizye moun ki dwe pa gen anyen pou repwoche yo nan sosyete a


25- Kijan yap fè anrejistreman sa yo ?
Apre anrejistreman tout non moun sa yo, Konsey la ap gen poul pibliye non moun sa yo pandan 10 jou nan medya ak diferant asosiyasyon elatriye pou cheche kek enfomasyon sou yo avan Konsey Gouveneman asepte yo.


26- Konbyen jou anrejistreman non moun sa yo ap ye ?
Apres 10 jou pase, Konsey Gouvnemantal la ap an mezi poul pibliye bay sosyete a ansanm de moun ki pral gen chans annatandan pou vin patisipe kom responsab ki pral gen misyon pou oganize konferans nasyonal Souveraine nan.


27- Kijan diferan sektè yo ka bay moun ?
Pou évite twop tan pase, nap chwazi Yon gren moun pou chak 3 sektè ki nan menm domèn depil gen konpetans ak kapasite poul kalifye. Sa dwe kouten 8 jou poul fè tiraj osò sa


28- Kisa n ap fè aprè nou fin chwazi moun sa yo nan tiraj osò a?
N ap Pibliye lis non yo bay laprès


29- Ki Misyon moun sa yo ap genyen ?
Après piblikasyon lis moun sa yo nan medya yap gen 72 jou pou oganize Eta Jenero Sitwayen an.
Yap gen 8 jou pou yo enstale , aprè enstalasyon yo yap tou komanse sou pwen esansyel Eta Jenero Sitwayen an Rive fikse yon dat pou oganizasyon Konferans l’an Rekonsilye tout pitit peyi a Vin kèk inisyativ ki korek pou pèmèt gen Yon pwosè petwokaribe kifèt san pas pouki Yon fason pou limyè fèt sou Krim deta san parèy sa.


30- ki Objektif Jeneral Eta Jenero Sitwayen an ?
Rive asire la pè ak tout pitit peyi a nan tèt ansanm ki se fòs nou poun konstwi yon peyi kote nap gen jistis sosyal pou tout moun. Kreye stabilite, yon fason poun kreye richès ak atire envestisman pou tout moun gen menm opòtinite pou reyisi nan peyi nou san nou pa oblije al pran kantè oubyen al riske vi nou nenpòt kijan pou’n al nan lòt peyi. Asire’n ke eleksyon yo dwe fèt selon nòm ak prensip demokratik ki etabli yo. Mete Ayiti devan tout enterè endividyel nou ta genyen kelkeswa sikonstans kita rive. Moun kap soti nan pwochèn eleksyon yo ap pèdi kelke mwa sou manda li jis poun respekte 7 fevriye a kise yon dat senbolik nan batay pou chanjman pèp ayisyen an


31- Ki Objektif Espesifik Eta Jenero Sitwayen ?
⦁ Defini yon dat pou rankontre ak tout aktè yo avan li òganize Eta Jenero Sitwayen an.
⦁ Oganize Konferans sou Eta Jenero Sitwayen an.
⦁ Rasire’n diferan aktè yo satisfè de konferans l’an.
⦁ Fè tout aktè yo siyen yon pak gouvènemantal ansanm pou pi piti 40 lane san enstabilite.
⦁ Fè tout aktè yo jire pou yo respekte tout sa yo siyen yo.
⦁ Remèt rapò final Eta Jenero Sitwayen an bay Konsèy Gouvènemantal la poul fè swit nesesè yo.


NB: Pwopozisyon sa rive posib gras ak ide anpil jèn sosyo pwofesyonel ki nan mouvman #NouPapKonplis la ak ide diferant pèsonalite ki soti nan diferan sektè nan sosyete sivil la ke nou site la pi ba nan dokiman, nou te twouve ke konsèy yo te enpotan kom plizyè nan pwen nou mete ki te pèmèt nou nou rive pwopozew yon dokiman ki ka fè nou jwen yon solisyon gayan gayan pou tout moun e pou tout peyi a.
Pou sektè inivèsitè a: Prof. Fadoul , Augustin, Fritz Dorvilier, Auguste D’meza, Fernando Estimé, Arnold Antonin, Christian Rousso, Lemaître Zéphyr, Josué Mérilien.


Pou Medya yo: Marvel Dandin, Lilianne Pierre Paul, Stéphane Pierre Paul, Valéry Numa, Marie Lucie bonhomme, Taylor Rigaud, Loucko Desir , Pierre Matin Tatout, Yvenert Foeshter Joseph, Denel Sainthon, George Fortuné, Lunie Joseph, Jean Morna, Péguy Jean, Osnel Jean Baptiste, Maurin Aspil…. Salomon Sedme, Carl Dieudonné, Jean Ismaël Valestin , Jennica Strael, Guerrier Henry, Wendel Théodore, Garry Pierre Paul Charles, Présimon Jean alyas Marco, Campagne Josèphe, Hérold Jean François, Marie Raphaël Pierre, Roberson Alphonse, Robenson Geffrard, Frantz Duval.


Pou pèsonalite politik yo se : Mario Andresol, Himler Rebu, Fred Brutus, , Kelly C. Bastien, Frantz Robert Mondé

Pou palmantè yo se: Jerry Tardieu, Kedlaire Augustin, Patrice Dumont

Pou diferan platfòm ki sou rezo sosyo : @durandis, Samuel Simonis @ChallengePetro, @TwitJAKO, @HaitiMania, @rodney_haiti, Edine Célestin, Micheline Lapointe, @kote_NOU @GessicaGeneus, @tiwale @coachbenbens, Karl Foster Candio, @rachmag_2, Versace Michel Pou moun ki Otantifye dokiman sa se: Junior Antoine Valdema Jacques Junior Mathieu Louijeune Augustin John Mary Auguste Ricardo Fleuridor alyas Gwo Roch / 3147 8939 / 3332 6028 Neemie Nelson Evens Ciril Beadler Nazaire Ilio Durandis Chrisla Barjon Gilles Bernard Moïse Luckenson Forge Jean Gardy Juvens Fleuridor Email: noupapkonplis@gmail.com Whatsapp : 3332 6028 Tel: 31478939

#NouPapKonplis Ayiti 28/02/2019

 

Related posts