Ranmase 13 Avril 2019

Ramase samdi 13 Avril 2019.

Nan ranmase samedi 13 Avril la Jean Monard soulinye peyi an pat lòk pa fòs opozisyon an men li te lòk yon lòt Jan. A koz ratman gazolin Nan peyi Nan tout ponp yo se yon lòk sou yon lòt fòm. Jean monard ale pi lwen pou li di koz ensekirite,la mizè,nou paka pran lòt brimad ankò. Daprè sous jounalis lan ta sanble problèm gaz la ap rezoud Nan wikenn Nan. Se te swè Jean monard pou semèn Nan.

Dosye Stad Sylvio Cator

Pou rapèl samdi dènye radyo karayib te dwe live Nan lokal saint Louis gonzage pou gwo evenman sa. Pastoral dè jèn ki asosye ak fondasyon toup pou yo Nan sousi pou yo genyen yon lòd estad paske vye grann moun nan kòmanse pa reponn ak nòm entèvansyonal yo. se de gro moun ki gen yon pase Nan foutbòl la ki pran inisyativ sa.
Pou pa kite espò a mouri Nan fason li prale la.

Yon lòt kote nan Ranmase Jean monard fè konnen ke gen mwens moun ki entèrese ak foutbòl entèvansyonal ke nasyonal. Rezon an daprè Jean monard. Se paske nou pa gen yon bon estad e koz ensekirite. Rezon yo twalèt la pa bon pelouz la mande chanjman ak tan kounyea ki sanble ak yon kapèt.

Lè gen yon match nou ale o de la de kapasite estad menm sikilasyon paka fèt potoprens bloke.

Rezon envitasyon an.

Fòk nou gen yon nouvo estad Nan peyi an ki koz fondasyon toup pou yo ak jèn pastoral tap tann tout moun. Pri kat la  se 175 goud. Lokal Delmas 31 yap tann tout moun.

Aktyalte semene lan

Fè aktyalite a te kòmanse ak nominasyon Lapin premye minis. Jean michel Lapin te premye minis AI. Prezidan jovenel nome li kòm moun li chwazi pou premye minis peyi an aprè depa ceant ki te anfas prezidan an. Konstitisyon an avan denye amandman ki koze pwoblèm ki fè jounalis la pa dakò ak dezinye ou byen nome kote premye minis lan pral pase Devan 2 chanm yo, kote yo etire yon etap Nan yon premye Yo rele ratifikasyon du chwa ki tonbe, Se nominasyon dirèk. PM lan gen pou li pase Devan 2 chanm yo pou konpay politik li.kotel pral dèyè yon vòt favorab pou li enstale.

Si ceant te yon anfas pou prezidan an se pou li te montre li te gen yon politik ki konsène tout moun epi se tè ceant tap rale anba pye li. se òm de konfyans ke prezidan an chwazi yon moun anba zèl li. lè nou ta panse prezidan an gen majorite se pavre Chak depite,senatè se yon pati.

Prezidan an gen enterè pa li ajanda pa li e lòt mesye yo gen enterè pa yo. Vòt palemantè yo daprè j yo toujou vote pou prezidan an di yap pwoteje li men se enterè yo avan. se enterè pòch e pou yo rechèf.

Eske Lapin pral bon ou pa?

Se enterè yo ki pral deside. Yon lòt kote Jean monard fè kwè se sou fòm sa li te chita ak tout pati yo pou yo di wi yo dezinye Yon chèf deta.

Anons kèk pati politik pou denonse chwa prezidan an.

Gen anpil pati ki reyaji pou yo di yo pa konprann sa kap fèt la tankou odèp ayiti, kote Asad volcy te fè konnen li te gade prezidan an pou li di li se denye paj Nan liv ou an lèw ap pale de fomasyon gouvènman. Fizyon reaji kont prezidan an pou li di li se pa konsiltasyon pou li chwazi pm Nan men li pa,tande li pa wè. Kote tout moun konnen ki Jan sa fini menm erè yo pwodwi ankò.

Se akò peyi an tap mande li. Prezidan an tap fè yon erè lèl ta panse sipò peyi etranje ka chanje sa. Fizyon mande tout moun rete vijilan pou pwosè petrokaribe e tout viktim yo. Mobilization pirèd kont mizè grangou etc.

Lòt fè Nan aktyalite a se estokaj gaz la.

moun yo pa konn kilè ap genyen li ankò yo achte li an kantite. Kote biwo sekretè deta enfòme ke yo entèdi sou tout teritwa a pa Vann gaz Nan la ri sof estasyon yo pou koz ensekirite pou popilasyon an kote li te Vann 224 goud ki pase a 600 goud.
Ki fè kous yo ogmante.

Patisipasyon prezidan jovenel o forum Latino amerika.

Yon vizit de pwomès ke prezidan an tounen pirèd daprè Jean monard ke li pa menm reyalize pou ap ogmante li Kiyès kap tande li. Yon bilan pozitif pou prezidan kote li rankontre yon pakèt lòt otorite prezidan Panama a prezidan bid etc.Se te yon pwoblèm de pwosedi ant leta ayisyen la bank entèvansyonal.

Arestasyon majistra pestel la.

Kite tire yon jèn gason Nan yon fèt marckonel rosier te tonbe anba ba Nan men majistra pestel la fenam ki te rann vizit ak li ke yo mande ke la jistis fè wout li kòm sa dwa.kote sa te pase Vandredi 4 janvye 2019.yon delegasyon de 6 prezidan Nan lokalite Bernard sa te pase e yo arete li 9 mas denye. Fenam pat ale mande lage ni kritike men se Nan kondisyon ke li ye se pou sa ke yo tal visite majistra a.Yon lòt bò majistra a fè konnen se yon arestasyon politik.

Pap gen pwason ane sa pou senate you.

Se senatè yo ki pap Jwenn kòb pwason pou yon peyi pòv Nan mizè pou tout lajan sa yo ap gagote konsa daprè prezidan sena a. Ane 2017 yo te Jwenn 1 milyon de goud pou depite yo yon chèk de 350 mil goud yon montan de 76 milyon goud pou
Pwason pou ane 2018 pou depite yo 1 demi milyon de goud yon milyon an antye. 3.63 milya de goud pou 117 depite e 3.57 milya de goud pou sena paleman an koute an mwayèn 31 milyon de goud pou Chak depite e 123 milyon pou Chak senatè.

Dosye kòripsyon.

,cedh, konàn cjlap,skl, rnddh ki ekri yon lèt a mesye Pierre volmar
Pou jije moun ki gagote lajan leta e tout konsène yo.

Siw te rate Ranmase Samdi 13 Avril la, ou ka koute tout emisyon an 3 parti

 

 

 

Related posts